Movèz gouvènans rantre ayiti nan yon soutèren. Map di nou byen, si se nan moun lèspri koridò nou toujou rete kwè, ebyen, n’ap pase tout tan nou nan sal datant, men nou pap janm rantre nan salon.

Okap, https://www.lemiroirinfo.ca, Vendredi 17 Avril 2020

Anpil moun isit toujou ap chèche yon koulwa pou yo fofile kò yo pou rantre la chanm ou nan yon kabinè pou al dirije pou la galri.

Sa fè kèk tan, pri tout prodwi kite planche, yo kite r, yo monte tet neg epi tout balcon san menm pase nan mach èskalye, pri yo pran asansè e yo rive pete plafon, yap flannen sou tèras la.

Depi kèk tan, chita nan yon sal pou manje pou bat bouch devni yon liks. Menm rantre nan yon sal de ben devni yon liks tou paske dlo pa koule nan Robinèt moun yo.

Moun kap dirije isit, m’ap di nou sa byen, kite yon fenèt, pa bliye, pèp la se lento, fòk ou janbe l’kanmenm avan ou rantre anndan kay la.

Se vrèman regretab, anpil fwa, vye koze pou moun ta dwe al repete nan yon twalèt, nan fòs pèdi, se yo swadizan lidè tout plim tout plimay ap repete sou lèzond ak sou plas piblik.

Se domaj, anpil moun isit ki rele tèt yo elit sesi, elit sela, politisyen kotesi, sosyete sivil kotela, yo tout pran pèp la pou lavabo.

Auteur : Léonel Dorcilien  E- mail : leoneldorcilien79@gmail.com