Nan altekasyon ki te opoze 2 ajan sekirite ak konseye Prezidan an, José Daniel, Tribinal depè Plèn di Nò, tranche an favè Konseye Jovenel Moise la, nan dat vandredi 17 Avril 2020 an, nan yon odyans piblik. Majistra ki te rekonet nan yon premye tan pat genyen matyè pou te kondane akize yo kite egzekite lod, direktè izin lan, Marc Olibrice te ba yo, te deside kondane 2 ajan yo pou al pase 10 jou nan prizon ak pou peye 10 goud kom amand.

Plèn di Nò, https://www.lemiroirinfo.ca, Samdi 18 Avril 2020

Eske nou ka repete fraz fransè ya ki di: « À vaincre sans péril, on triomphe sans gloire », oubyen èske nou ta dwe di, nan kèlkilanswa nivo a, prensip yo dwe rèspèkte ?

Me sak rive Mesye Ossé Daniel ak 2 jèn gason kap travay pou yon Konpayi Sekirite Prive nan Antrepriz Izin Glas Sent Filomèn ki trouve li nan Mòn Wouj, Komin Plèn di Nò* !

Mesye Marc Olibrice, administratè Antrepriz Glas la, an menm tan Vis Delege Awondisman Okap la di Ajan Sekirite yo ke gen yon machin gri ki pral vini kote l’, pou yo kite machin nan antre anndan Konpayi Glas la.

Yon ti tan aprè, Ossé Daniel, ki se Konseye Prezidan Jovenel Moïse vini a pye, li franchi baryè ya, l’ap pran direksyon Batiman ki loje Antrepriz Glas la.

Se konsa, 2 Ajan Sekirite yo di: « Mesye kote w prale » ? José Daniel pa kanpe, li kontinye avanse, men li reponn Ajan Sekirite yo konsa: «Mwen konnen kote mwen prale».

Ajan Sekirite yo di: «Non mesye, si w bezwen yon moun, w’ap adrese w’a nou dabò ». José Daniel pa okipe Ajan Sekirite yo, li kontinye avanse. Se konsa, Ajan Sekirite yo kouri ale dekoupe José, yo mande li pou li idantifye l’, oubyen pou li fè bak. Se konsa, ta pral genyen gwo bouch louvri ant Ajan Sekirite yo ak Mesye Ossé Daniel.

Ajan Sekirite yo ta pral vin kòlte José Daniel, menm pat rete endiferan, li kenbe mesye yo tou. Kòm nou konnen se 2 kont yonn, José Daniel ta sanble pran kèk ti pataswèl anba men Ajan Sekirite yo, e 2 ou 3 bouton nan chemiz Ossé rache.

Imedyatman, Komisè Gouvènman Okap la gen tan pran dosye ya, li fè yon Jij de Pè kouri fè konsta e fè pwosede a arestasyon 2 Ajan Sekirite yo.

Rive nan Komisarya Plèn di Nò a ak Ajan Sekirite yo, responsab Konpayi Sekirite prive a fè yon lòt Jij de Pè vin fè yon Konsta tou. Tout sa mwen eksplike pi wo yo, yo tout pase jou mèkredi ki te 15 avril 2020 lan.

Jodi vandredi 17 avril la, pledwari ya tap fèt nan Tribinal de Pè Plèn di Nò a ant 3 pati an kesyon yo. Nou ka site: Mesye José Daniel ki di li se viktim ak avoka li voka Konpayi Glas Sent Filomèn Mòn Wouj ak Avoka Konpayi Sekirite Prive a.

Avoka mesye José Daniel te mande pou Jij de Pè a deklare ke li pa konpetan, e pou li voye dosye ya nan Pakè.

Avoka Konpayi Glas la, an menm tan defansè 2 Ajan Sekirite yo te mande pou Jij la tranche, paske li konpetan. Pou Avoka, tou 2 kopi Konsta yo pa fè mansyon ni de Kalòt ni de blese. Donk, se yon kontravansyon, Jij de Pè ya pa genyen kenn lòd pou li pran nan men yon Komisè Gouvènman.

Mesye Marc Olibrice menm te rete ak yon vizaj enkyetan, pliske li te nan yon sitiyasyon difisil. Li genyen José Daniel kòm zanmi pèsonèl li e an menm tan alye Politik li, li genyen 2 Ajan Sekirite yo tou ke li dwe sipòte moralman e enstitisyonelman.

Pi ta, Jij de Pè ya ta pral retire Kòstim Jij la sou li pou li konvèti tèt li an yon vrè konseye, an yon vrè moralis. Jij la mande tout pati yo ak tout defansè yo pou yo fè yon depasman, pou yo gade tout dega sa ka fèt lè Kominikasyon pa priyorize. Jij di ankò, tou 2 pati yo di yo viktim, pa genyen gwo kou ki bay soufrans, li konseye pati yo chèche yon antant antre yo e aprè pou yo konsantre yo  pito nan batay kont  lènmi komen yan ki se Kowonaviris la.

Aprè diskou Jij la, 3 Avoka yo te dakò pou genyen yon sispansyon Odyans, jis pou yo wè kouman yo ka jwenn yon antant pou redije yon ak Dezisteman.

Nan moman diskisyon ant pati yo nan yon espas, plizyè gwo otorite Etatik nan Depatman Nò a debake nan Tribinal la, yo vin pote sipò yo a patwon yo José Daniel. Se konsa antant lan pa rive jwenn.

Pami Otorite ki te prezan yo, mwen ka site si la yo mwen rekonèt fizikman yo: Direktè Depatmantal Edikasyon Nò a, Delege Depatmantal la, Direktè APN nan Okap.

Aprè yon bon bout tan de diskisyon san trouve yon antant, pledwari ya ta pral rekòmanse e tribinal la ta pral prononse jijman kont 2 Ajan Sekirite yo. 2 ajan sekirite yo kondane pou pase 10 jou nan prizon pou peye 10 goud samand dapre lwa ki evoke.

Se ak anpil tristès ak anpil pawòl piman bouk kont tout otorite yo ki te prezan ke foul  moun ki te mase bò Tribinal la t’ap asiste 2 ajan sa yo  ak menòt nan men ki tap retounen pran direksyon Komisarya pou y’al pije pèn ki pwononse kont yo.

Fòk mwen di nou an pasan, Otorite yo te bliye jodi a rekòmandasyon Prezidan Jovenel Moïse fè yo nan kad batay kont pwopagasyon Kowonaviris la. Paske sal odyans Tribinal la tou sal te ranpli ak Gwo tèt nan Depatman an. Pi fò Otorite yo pat pote Kachnen. Kesyon plis ke 10 moun pa dwe reyini lan pa rèspèkte. Distans sosyal la te nètman inyore.

Auteur: Junior MILFORT