
Yon ayisyen ki natiralize nan yon lot peyi epi marye ak yon etranje nan peyi kip a peyi yo yonn, yo genyen byen lot kote. Ki tribinal ki konpetan pou divos ak separasyon byen yo ? Jan mond lan ap bouje la , ap toujou gen maryaj antr ayisyen ak etranje , ap toujou gen maryaj 2 etranje ki fèt isi an Ayiti e inyon sa yo jan yo di an dwa entènasyonal prezante eleman » extraneité ».
Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Lundi 20 Juillet 2020
Depi gen maryaj ka gen divòs , depi gen divòs gen separasyon byen e gen tou Gad timoun. Depi gen eleman « extraneite » a se nan dwa entènasyonal prive ou ye , branch dwa sa se Yon Branch dwa ki défini kòm Yon ansanm règ ki ap aplike a moun nan relasyon entènasyonal yo. Chak eta defini nan dwa entèn sa yo rele règ konpetans jiridiksyon yo ,men depi genyen konfli jiridiksyon jij la dwe al gade nan reg dwa entènasyonal prive yo pou li ka défini jiridiksyon konpetan.
An nou pran Yon ti egzanp pou nou ka konprann kek aspè nan dwa entènasyonal prive:
💍💍Yon ayisyen ki natiralize ameriken marye ak Yon fransèz ,maryaj la fèt Etazini, yo abite an Ayiti, yo gen Kay lafrans yo gen Kay ayiti, e timoun yo fèt Etazini.
✍✍Si moun sa yo ap kite ki tribinal ki konpetan pou fè divòs la?
✍✍Ki tribinal ki pwal tranche pou separe byen yo?
✍✍Ki nasyonalite ti moun yo?
Kesyon 1. Si moun sa yo ap kite ki tribinal ki konpetan pou fè divòs la?
Nan ka sa gen plizyè posibilite : Tribinal ayisyen konpetan pou yon divòs konsa paske non selman yap viv an Ayiti mari a se Ayisyen. Mari a kapab mande divòs an Ayiti e madanm li ki se fransèz kapab mande divòs la Ayiti tou lè sa se Yon divòs entènasyonal , kÒm mari a se ayisyen natiralize ameriken ni Li menm ni madanm Li ki se fransèz ka mandé fe Yon divòs entenasyonal nan tribinal Ayiti. Divòs entènasyonal la reglemante pa dekrè 29 mas 1974.
Tribinal ameriken ak tout tribinal fransè konpetan tou pou divòs la , jij fransè ki pwal sezi de divos entènasyonal sa pw’al aplike Atik 309 kòd sivil fransè a . Nan ka sa laLwa fransèz la ka aplike pou fransè Ak pou etranje ki abite an Frans.
Men m vle nou konnen ke ou ka marye Etazini ou marye sou lejid dwa ayisyen. Kijan sa fèt? Si ou Al marye Etazini ou gen dwa deside marye nan anbasad ayiti ki Etazini lè sa se sou lwa ayisyen ou marye.
Kesyon 2. Ki tribinal ki pwal tranche pou separe byen yo?
Depi w rantre nan separe byen otomatikman ou nan sa yo rele an dwa Rejim matrimonial , se sa ki pèmèt regle rapò lajan, byen antr moun marye yo lè yo ap kite.
Nan peyi ki gen tradisyon » civiliste » tankou Ayiti , Almay, Itali , lafrans , moun ki ap marye yo kapab chwazi nan Yon Kontra maryaj ki Rejim matrimonial yo vle , men nan peyi tradisyon « common law » yo tankou Grandbretay , etazini, kanada… Nosyon Rejim matrimonial an prensip pa egziste. Men nan peyi sa yo li posib pou fè Yon Kontra ke yo rele an anglè » pré nuptial agreement » ou « post nuptial agreement » kote objè Kontra sa genyen globalman tout sa Kontra maryaj nan peyi tradisyon » civiliste » yo gen e yo kapab ale pi lwen kote yo ka fikse pansyon Alimantè elatriye.
Menm lè pa gen Kontra maryaj li fasil pou detèmine rejim matrimonial moun yo nan Yon konteks ayisyano ayisyen , men depi gen eleman « extraneite » bagay yo konn trè konplike.
Kesyon separasyon byen yo kapab senp si moun ki marye yo te fè Yon Kontra maryaj. Separasyon an pwal soumet Li ak lwa oubyen Rejim matrimonial chwazi nan Kontra maryaj la. Si pa gen Kontra maryaj, pou byen ki Ayiti yo tribinal ayisyen konpetan pou tranche . Kay sa ki genyen an Ayiti a soumèt Li a sa yo rele an dwa entènasyonal » Lex Rei sitae » ki vle di lwa sitiyasyon choz la , peyi kote byen an ye a lwa peyi sa kapab aplike pou byen an.
Pou Kay lafrans lan se toujou tribinal lafrans kap tranche sou sa paske an matyè afè reyèl imobilyè se tribinal kote byen an ye a ki konpetan. Pa bliye peyi lafrans siyen konvansyon de la Haye 1978 ki prevwa Yon bann ipotez pou règle kesyon sa tou.
Kesyon 3 : ki nasyonalite timoun yo?
Yon timoun ki fèt de yon paran fransè kelkeswa kote li fèt la li se fransè. Sa vle di timoun yo fransè. Yon ti moun ki fèt de yon paran ayisyen Li otomatikman ayisyen nap jwenn referans nan Atik 11 konstitisyon Ayisyèn nan ( Droit du sang) . Kòm timoun yo fèt etazini yo ameriken tout (droit du sol).
Auteur : Me Pelex Flereme