Lèzòm se tankou chif valè yo depan de pozisyon yo plase, depiw pa nan nivo pou konprann sa, ebyen ou se yon zero bare.

Ou ka remake sa, tèks mwen yo si tèlman klè, se 1  2. An 2 tan 3 mouvman, m pa pase pa 4 chemen poum di, gen moun ki renmen fonksyone 5 sou 5 an grenn 5.

Jounen jodya, se 6 k’ap di 9 kwochi epi se yo menm ankò k’ap diw pran bagay yo 6 kreyòl.

Jenn fanm, siw koute moun sa yo, doub 6 san lè mouri nan men w’.

Mwen sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa, si nou pa fè politik yon lòt jan isit, nou fenk kare p’ap ka an mezi bwè yon V8 alewè pou n mete yon rad 9 ni yon soulye 9. Nou dwe sispann mare 10 mín nan fwon nou lè moun ap rale zòrèy nou pou fè sa ki bon.

Se krèv kè, lè m’ap gade timoun 11 lane k’ap sikile libe libè ak 12 milimèt anba je tout moun. Nan peyi sa, depiw fre kon kola 15 ou ekspoze. Koute byen, sa pa vle di pou rete an sandriyon, an ranyon ou an chankany pou pa fè yon jan ak tèt ou.

Alèkile, tout moun ka wè ki lòbèy timoun 16 ak 17 lane ap fè nan sosyete a. Gen moun ki rele yo timoun 2000.

Manman lwa peyi a rekonèt, depi ou gen 18 lane ou se sitwayen. Ou pa bezwen yon linèt espesyal, tout moun wè klè ki rezilta 6 3 1 sa yo bay nan sosyete a.

Lè m’ vizite 19 komín nan depatman Nò peyi a, monchè se 50 santim ak degouden kole.

Peyi sa, si w’ pa pran byen ladan l’, w’ap fè 20 ou p’ap fè 21. Kòmsi, ou pa wè jenn fanm ak jenn gason lage 2 gidon nan bwè 22/22 epi 24 sou 24.

Isit, yon moun gen 33 lane kidonk laj di Kris, li pa konnen si li travayè ak si li parese.

Zafè lavi kòmanse a 40 tan, bagay sa se pa de grenn moun li mete an reta.

* »On meurt jeune à 80 ans quand on a mal vécu ».*

*Isi, Léonel DORCILIEN*