Sim pat konnen A nan fèt patat ou nan fèy malanga, analfabèt fonksyonèl isit tap fèm rete bouch B. M pa tap ka di ni B ni C nan anyen. Erezman, yo pa ka ABC m, m gen plan B, m twouve yon sistèm D poum vanse.

E! Koute byen, pa gen dout nan sa, Ayiti se yon F e F sa vle di, yon peyi fèt e founi, men elas, move G gwo G tout plim tout plimay metel ajenou.

Ayiti pa bezwen gason ak fanm ki myè tankou H,men pito moun ki ka mete lè pwen si lèz I. Mwen panse ke jou J Ayiti a gen pou rive poul delivre paske nou nan K.
Lè sa, reyaksyonè yo ap KO.

Sa fèm mal anpil, lèm wè yon seri moun mete nan tèt yo Ayiti rele yo L se pou yo. Yo fè sa yo vle. Moun sa yo, pwan pòz yo M peyi a, poutan nan ajisman yo se N ki nan kè yo kont li.

Depi kèk tan, anpil OP yo plis divize. Moun ki divize yo a mechan pase Q. Mizè fè pèp la mache SR. Sa fè, gen moun ki oblije lage yo nan T vèvenn ak fèy reziye.

Anpil moun isit pa kwè nan U nite, yo mete sou yo, rad V divizyon ki mete yo an W kont pèp la.

Se domaj, alèkile, lavi moun pa vle di anyen pou yon seri moun. Sa fè, yo tire moun pi mal pase moun kap tire X nan matematik.
Anpil fwa, yo aji sou lòd mesye ou madanm Y, se sa ki pi Z la.

Auteur: Léonel DORCILIEN