Plizyè fwa gen anpil moun ki konfonn ULCC ak UCREF, e li konn yon ti jan difisil pou fè diferans lan ann gade ansanm ki sa yo chak ye, ki wòl yo e kilè yo te kreye:

UCREF vle di an fransè  » Unite centrale de renseignements financiers », se yon oganis nasyonal ki te kreye pa lwa 21 fevrye 2001 pou regle pwoblèm ki gen pou wè ak blanchiman lajan ki soti nan trafik dwòg ak lòt enfraksyon ki grav.

Pou leta te kapab prezève entegrite peyi a e fyabilite sistèm finansye a li te oblije kreye UCREF. Kreyasyon UCREF te gen tou kòm objektif pou bay pouvwa a oganis ki la pou aplike lalwa yo pou pèmet yo detekte e sezi byen ki fèt nan aktivite ilisit yo. Nan kad lit kont blanchiman lajan UCREF la pou kenbe dokiman idantifikasyon kliyan bank yo koperativ, kes popilè, konpayi asirans, biwo transfè elatriye. Se obligasyon lalwa pou tout enstitisyon sa yo e lòt byen idantifye kliyan yo e pwoteje dosye kliyan yo pan 5 ane pou pi piti.

Selon modifikasyon kite fèt nan nouvo teks de lwa, UCREF genyen nan tet li yon konsèy administrasyon ki gen ladan li, yon reprezantan BRH, 2 reprezantan ministè lajistis, yon reprezantan ministè finans e yon reprezantan asosyasyon pwofesyonèl bank yo. Direktè jeneral UCREF la gen yon manda 4 lane renouvlab, li nome sou rekomandasyon minis jistis la pa arete prezidansyèl , li asiste pa yon direktè jeneral adjwen deziye pa minis jistis la. UCREF fonksyone anba ministè lajisti.

-ULCC

ULCC li menm se «Unite de lutte contre la Corruption», se yon enstitisyon ki te kreye nan lane 2004, se yon òganis a karaktè administif ki anba ministè ekonomi ak finans. ULCC te kreye pa dekrè 8 sektanm 2004. ULCC malgre se anba ministè finans li ye li gen pèsonalite jiridik li, li gen otonomi administrativ ak finansye.
Li genyen kòm misyon pou li travay pou konbat koripsyon nan administrasyon piblik la sou tout fòm.

ULCC te rive kreye nan kad yon pwojè bank mondyal pou apiye gouvènans ekonomik peyi a, pwojè bank mondyal sa te rele EGTAG1. ULCC te kreye tou nan konteks pou mete an aplikasyon konvansyon enteamerikèn kont koripsyon ke Ayiti te siyen. Konteks kreyasyon ULCC a te make pa 2 fè enpòtan : piblikasyon nan lane 2003 pa transparency international de endis pesepsyon koripsyon an kote Ayiti te pami peyi ki pi koronpi yo e adopsyon pa nasyonzini sa yo rele «la convention de Merida».

Menm lè nou we biwo santral ULCC Pòtoprens konpetans li sou tout teritwa nasyonal la. ULCC gen 5 biwo, yonn nan Senmak, yon okap, yon Miragwàn yon okay e yon lòt ench.


Ankèt ki mennen pa ULCC yo suit a yon plent, denonsyasyon, eskandal pa gen pyès fòs jiridik. Depi ULCC fin fè yon ankèt li transmèt li bay lajistis an prensip travay li pran fen.

Pa bliye UCREF anba ministè jistis ULCC anba ministè Finans. Yo pa menm enstitisyon ditou, yo chak gen wòl yo.

Me Pelex Flereme