Avoka ki t’ap defann dwa polisye ayisyen pou yo te fòse otorite yo rekonèt dwa pou genyen yon sendika bat bravo, aprè Ministè Afè Sosyal ak Travay bay Sendika polisye yon atestasyon ki pèmèt yo fonksyone pou yon dire 2 lane. Yonn nan avoka SPNH la, Me Pelex Flereme, mande pou sendika a defann dwa tout polisye epi evite politize enstitisyon an.

Port-au-Prince, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 22 Avril 2020

Aprè anpil batay yon gwoup jenn fanm ak jenn gason djanm nan lapolis la mennen e apre yon kokenn chenn batay jiridik nou menm avoka SPNH la mennen pou fè leta peyi a tande larezon e aprann respekte lalwa , ministè afè sosyal bay atestasyon ki sètifye ke SPNH la anrejitre legalman.

Nou menm avoka ki te chwazi akonpaye jiridikman mesye dam SPNH yo nou te gen 2 gwo objektif :

1- Defann sa lalwa di sou dwa sendikal an Ayiti e pouse leta rekonèt dwa mesye dam lapolis yo genyen pou yo gen sendika.

2- Montre karaktè ilegal revokasyon 5 manm nan sendika a e egzije pa tout mwayen legal pou yo te tounen nan pòs yo prese prese.

NOU ATENN TOU 2 OBJEKTIF SA YO. SENDIKA A REKONÈT LEGALMAN E TOUT POLISYE TOUNEN NAN PÒS YO .

TRAVAY NOU FINI LA ,SE YON KOKENN CHENN VIKTWA JIRIDIK!

Kisa Sendika polis la dwe ye:

1- sendika polis la dwe yon asosyasyon polisye pou defann dwa polisye pa tout mwayen legal

2-Yon espas kote tout polisye ki se manm aderan kapab vin eksplike fristrasyon e jwenn sipò fas a tout moun ki vle fè yo abi.

3- Yon espas ki ta dwe gen polisye ki entèg , ki gen moralite, ki disipline ki konpetan pou kabab fè valwa dwa polisye aderan yo ki viktim abi ak movè tretman

Kisa SPNH pa dwe ye?

1- sendika polis la pa dwe yon asosyasyon pou vin fè politik nan PNH la .non selman lapolis pa nan politik men tou atik 35.4 konstitisyon an di sendika esansyelman apolitik.

2 – Sendika a pa dwe yon espas pou manm li yo vin ap fè lajan

3 – Sendika a pa dwe yon asosyasyon polisye ki vin kanpe anfas o eta majò lapolis.

4- Sendika a pa dwe an oken ka fòse polisye pou adere ak yo se si yon pilisye vle;

5- Okenn manm Sendika a pa dwe pran kouvèti SPNH pou fè dezòd yo vle;

6- Okenn polisye ki adere pa dwe konnen yo ka fè zak yo vle yap jwenn sendika pou defann yo

7- Lapolis se yon enstitisyon yerachize , sendika pa la pou vin kraze yerachi polis la ni pou vin afebli’l

8- Sendika Polis la pa la pou vin ranplase enspeksyon jeneral.

SPNH LA SE YON BON BAGAY POU LAPOLIS , DEPI LI BYEN RANPLI MISYON LI LAP RANN LAPOLIS PIFÒ , POLISYE YO AP GEN PLIS MORAL POU FÈ TRAVAY YO E SITWAYEN YO AP JWENN PLIS SEKIRITE.

NOU TE KONTAN EDE YO , NOU TE KONTAN AKONPAYE YO , NOU TE KONTAN FÈ BATAY JIRIDIK SA POU POLISYE YO.

NOU FINI AK DOSYE SA, NOU PASE AK LÒT BAGAY GEN LÒT DEFI KAP TANN NOU .

#Vivlalwa #VivSPNH.

Auteur: Me Pelex Flereme