Gen moun isit, fòk ou konn woule anpil, sa vle di fòk ou konn viv anpil pou ka fonksyone ak yo. Pifò nan yo pa konn woule vre.

Peyi sa, menm lè w’ap mal woule, se pa fasil w’ap twouve yon bon samariten woule avèw. Olye yo woule avèw, yo pito woulew byen woule.

Anpil moun isit, sèl pasyon yo, se woule nan gwo machín epi woule sa vle di banboche ak mari ou madanm moun. Jan de moun sa yo, se atè m’ woule pou yo paske, m’ wè yo sanlè woule yo anba baton.

Genyen moun k’ap woule tete nou, yo pwomèt nou y’ap ba nou sesi, y’ap ba nou sela. Pa okipe yo, se woule y’ap woule nou. Y’ap woule nou nan farín pandan ke y’ap mete nou nan woulo.

Lòt jou, mal fè yon pyès nan yon biwo Leta, kèk anplwaye mande m’ pou m’ woule ak yo pou yo fèm jwenn pyès la pi vit. Nan sans sa, woule se sinoním kòripsyon. Anplwaye sa yo kanpe sou woulman avèm, yo vle m’ ba yo, lajan anba tab.

An palan de sa, pye pantalon m’ dewoule, talè konsa, m’ pral tcheke yon bòs tayè poul woule l’ pou mwen paske se  li m’ap mete sou mwen pou m’al woule mayi demen maten nan moulen an anba lavil la.

Mwen gen lontan depi ke m’ap woule ak moun isit. Pifò nan yo gen yon konpòtman woule m, de bò.

Auteur: Lionel DORCILIEN, Courriel : leoneldorcilien@gmail.com