8 mas se jounen entènasyonal ki chwazi pou onore fanm. Kit se Fanm blanch, fanm nwa, fanm wouj; Fanm vanyan, fanm kalalou; Fanm sot, fanm lespri, gran fanm, ti fanm, gwo fanm, fanm nan peyizanri, fanm nan vil.
Cap-Haitien, https://www.lemiroirinfo.ca, Lundi 08 Mars 2021
Bravo pou dat sa ke nou chwazi pou nou mete fanm yo alonè, bravo paske yo rive enpoze yo. Nou montre ke n se moun tankou tout moun. Ayibobo pou gwo jounen sa.
Se pa yon batay ki soti la pou rive la, jiskaske fanm vin rive gen lwa bouch yo. Fanm lakay nou yo se pa fanm ki mete jipon yo pou bèl twal paske Yo pa janm sispann batay pou fè dwa yo respekte, yo kwè ke yo tout dwe viv san okenn diskriminasyon, rabesman, prejije. Se chak jou nap vin konpwann pi plis ke medam yo se fòs peyi a menmsi yo pa janm jwenn tout bon yon vre jistis.
Fanm nan peyi dayiti, depi nan koloni sendomeng lan, yo te konn sibi
chalè kiyè cho esklavaj la menmjan ak mesye yo. Yo te konn ap travay nan jaden yo, Tankou gason, gen nan yo djòb yo se te zafè travay nan kay. Konsa tou yo te konn sibi eksplwatasyon seksyel tou nan men kolon yo.
Eske w te konnen sa ke Fanm yo te jwe yon wòl esansyèl nan batay pou lendepandans nou ?
Kote nou te jwenn seri de medam vanyan, tankou Sanite Bélair, Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines, Cécile
Fatiman, Catherine Flon, Henriette St-Marc ak anpil lot ankò. Medam yo te kontribye anpil pou nou gen tibout tè sa.
Poutan yo pase zèv, sakrifis, listwa yo anba pye. Se kek nan yo, nou rive tande pale de yo. Nou dwe repanse façon ke nou wè medam nou yo.
Pou nou te ka chase tankou se vye zè kokon Yo. Medam yo se te yon pyon enpòtan, Nesesè, endispansab.
Gade, men poukisa ou oblije fè sa, nou pwèske efase tras yo nan listwa nou.
Ou menm ki li nan gwo liv, nan listwa modèn nan, m pa konn si m gen rezon. Dim ou te wè yon fanm ki te mennen yon pi gwo lit pase medam lakay nou yo pou libète, lendepandans nou ?
Wi se Enpòtan pou n kontinye
batay nan yon peyi kote tray ak tripotay se chay ki anpeche tout fanm travèvese lantiray devlòpman pou yo
Rive rale yon ouf de soulajman.
Majorite fanmiy isit rive fè siksè se gras ak detèminasyon fanm yo ki fè yo reyisi wè bonè. Anpil
papa Isit pa pwan responsabilite yo vre. Anpil nan yo se bay gòl òje kouri al kache nan kwen. Paske va gen yon pàn teknik.
jiska jounen jodi a, nap konstate ke medam nou yo toujou ap konnen de move moman trè di anba men mesye yo. Pou mwen yonn nan fanm ki se pilye mouvman fanm, se Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines.
Se pa chak 8 mas sèlman, pou nou ap louwe, bat bravo montre enpòtans medam yo.
Medam nou dwe kontinye lit la.
Paske Nou konpwann e nou wè gen yon seri de fanm yo bay valè. Men yon lòt kalte yo lage yo nan
kwen, tankou se ranyon plen pinèz nan soley cho atè.
Se chak jou fanm lakay nou yo ap goumen
ak nèg kap bay yo gwòs kouri, pou lage yo nan kafou tenten.
Se chak jou fanm lakay nou yo, ap
maltrete ak seri de nèg ki pwan yo tankou se esklav.
Nou pap sispann di mèsi ak Madanm sara nou yo, ki ap goumen san rete ak lavi, tankou vye boyo bata lenbe nan labou dlo santi kwadèbosal pou yo bay pitit yo yon pen ledikasyon. Plandye dèyè kamyon, riske lavi yo pou yal tate lave pou yo wè s’il ta fè yon ti souri.
Wi madan sara sa yo, se pilye anndan peyi dayiti.
Poutan, nou mete yo an
karantèn tankou moun ki gen lèp, oubyen tankou lè yo te mete Adan ak Èv deyò nan jaden edèn.
Tout fanm se fanm, menm si m konnen gen fanm ki gen plis fanm nan fanm li, ki gen nanm kap
goumen pou yo rive jwenn trip foumi.
8 mas dwe yon moman refleksyon, yon moman de konsayans, yon moman evalyasyon pou nou menm fanm nan peyi Dayiti.
(Fèt fanm Èske se pou gwo zouzoun sèlman l ye an Ayiti
eske fèt fanm se sèlman pou gran fanm, fanm save, gwo zouzoun?
Eske yo rekonèt tifanm se yon fanm tankou tout fanm
Kote li gen plas li nan mitan tout fanm?
Fanm kap travay kay zotobre kap pase (mizè) tray, sa nap di
pou yo?
Fanm nan klas peyizan yo, ki pa te jwenn chans ale lekòl kay koyo, ki paka abiye ton sou ton, jiskilè nap sispann mete yo nan karantèn, tankoum ta di yo gen kowonaviris ?
Yon fanm ki se minis se fanm, fanm ki avoka se fanm. Fanm (ki se) machann chabon, se
fanm.
Fanm kap vann moso aleken se fanm. Fanm anwo, fanm anba, fanm chive siwo, tèt swèl, fanm tèt
grenn, tout se fanm. Yo pote lavi, yo bay lavi.
Fanm nan peyi Dayiti, se chak jou pou nou tap onore yo pou sa yo reprezante nan peyi a. Sa pa konn touche w, pou wè medam yo ak gwo kivèt chay byen lou sou tèt ap pwonmennen nan tout lari komès pou pote lamanjay lakay, pafwa nou menm konn jwenn fanm gwòs nan yo.
Eske gen fanm sou La tè ki gen kouray pase fanm lakay nou yo?
Yo pa konn ni lannwit, ni lajounen. Yo fè tout djòb pou yo nouri fanmiy yo. Gen nan yo ki pa menm konn li, kap goumen pou fè pitit yo tounen save.
Ou panse gen fanm sou tè sa ki gen lanmou tankou fanm peyi Dayiti?
Onè ak chapo ba pou tout fanm peyi a kap batay pou mete lonè kanpe nan fyète ak diyite.
malgre tout difikilte yap rankontre.
Chapo ba, pou tout fanm ayisyèn kap goumen pou
edike pitit yo malgre gen seri de papa, ki chwazi pa okipe pitit yo.
Chapo ba, pou tout Madanm sara (yo), ki toujou ap bat seren pou yo pwan swen fanmi yo menm lè labatwa ak mache anba toujou parèt tou nwa, san zespwa.
Chapo ba pou tout machann kwadèbosal, mache anfè ki reziste, debou, kanpe anba mesye dam san manman yo kap boule depo kote machandiz yo ye detanzantan.
Chapo ba pou machann manje (kwit nou yo) ki kenbe, ki pa janm dekouraje, ki toujou ap espere ke yon jou sa va chanje, ak yon chodyè cho sou tèt ap mache pwonmennen nan lari.
Chapo ba pou machann pistach , machann fritay nou yo ki anba solèy cho, ap fè dife cho.
Tout fanm lakay se yon poto mitan ki kanpe djanm nan mitan fanmiy yo, pou ede nou pwoteje anba tout gwo van kap soufle.
Fanm lakay se fanm ki gen kouray, malgre flanm lanmizè ap bat pou kangannen zantray yo. Yo
toujou ap reziste paske yap reve ak diyite . Fanm lakay se fyète peyi Dayiti, bèl kreyati ki dwe
gen plas yo anndan sosyete a pou anbeli e chanje figi peyi dayiti.
Nou merite lonè. Nou gen anpil
valè. Nou merite plis lanmou. Nou merite pou yo pote nou anlè. Ann sispann eksplwate fanm yo
paske san fanm pa gen lavi.
Viv fanm lakay.
Nap di mèsi ak tout fanm kap batay pou dwa yo respekte. Mèsi ak tout fanm ki toujou kenbe
dinyite malgre mizè ap taye banda isit pou fe yo kokobe.
Mèsi ak tout fanm peyi Dayiti. Wi fanm se lespwa, fanm se lavi. Tout fanm se fanm, viv Fanm lakay, ayibobo pou nou.
Jodi a, li plis ke nesesè, pou n ta koube n byen ba, jouk rive atè douvan tout fanm sou La tè, pou n ta mande yo padon pou tout move moman ak tray ke yo pase anba men nou.
Mackenz Dorvilus
mackenzdorvilus@gmail.com