
Ribrik: “M’ tande, m’ wè, m’ aprann e m’ konpran”: Lundi 08 Mars 2021
Pi gwo problèm ki egziste nan mond lan, se pa bonb atomik yo, se pa gwo zam nikleyè yo k’ap touye moun pa bann ak pa pakèt yo, se pa misil yo non plis, men pito, se kè lèzòm.
Se ak krèv kè, kè sere ak kè brize m’ap gade kijan lèzòm refize detente kè yo kote yo lakòz anpil moun ap viv ak kè sote ak kè sou biskèt ki anpeche yo viv kè pòpòz.
Granmoun toujou di : » dan pa kè. » Vrèman vre, gen moun ou wè k’ap ba w tout 32 dan yo, k’ap ri avè w’, ki pran pòz yo gen kè sansib pou ou, poutan yo genyen w’nan kè pou gran mèsi. Anpil nan yo byen avèk ou men se ak de kè.
Gen moun ki pran pòz anfannd kè poutan yo lakòz kè anpil moun chavire.
Monchè, fòk ou gen kè sa nou konnen an pou rive fonksyone ak laplipa moun isit paske kè moun sa yo di pase asye. Depi m’ wè yo kè m sote, kè m’ bat fò.
Ou pa bezwen ap fè piblisite pou ap klewonnen ou se bon moun. Se atravè aksyon w’ap poze tout moun ap fini pa dekouvri si w’ se moun ki gen bon kè.
Gen moun ki pran pòz yo gen bon kè kòm sakre kè de Jezi poutan kè yo anfle ak ògèy. Gen nan yo tou, lè yo wè yon moun boule yon etap kè yo gwo gwo.
Sa ka rive, ou ka toujou benyen ak savon ki vann chè, ou abiye chè, tout moun wè ou se yon moun ki pwòp, men depi kè ou sal, ou pa gen lanmou nan kè w’ pou prochen w’ ebyen ou pa yon moun ki pwòp vre.
Gen yon seri moun menm lè w’ ta wè yo swadizan mete tèt yo ansanm pou fè kwak se swa, men an reyalite, yo pa mete kè yo ansanm.
M’ap pale an konesans de koz paske m’ nan kè evènman yo.
M’ap mande ki kè yon moun genyen poul wè yon moun parèy li ap soufri ak anba kè fè mal epi pou kè l’ pa touche l’ pou moun sa. Pa kouri defann moun, ou konnen kè w’ men ou pa konnen kè moun. Dayè, se sèl kouto ki konnen sa ki nan kè yanm.
Avan m’ tèmine kite m’ di sa an pasan, se nèg ki gen kè ki kite fanm. Yon lè, m te di yon zanmim sa, li pat kwè. Aprè yon sèten tan, msye santi kèl ap fini, li pa mete yon wòch ravèt sou kèl, li tounen kote dam lan, li di cheri, m renmen w’ ak tout kèm.
San ke m’ pa vle egzajere, kite m’ di, ou dwe triye anpil pou jwenn de twa grenn moun ki gen bon kè. Kèk grenn ki gen bon kè yo, mwen menm pèsonèlman, m p’ap ba w’ manti, m’ konnen yo pa kè.
Isi, Léonel DORCILIEN