Nan vil Okap, sou plas Nòtredam nan,  yon endividi rive monte, souke, rale, epi jete atè estati Jan Jak Desalin, nan dat 5 novanm 2020 lan.

Cap-Haitien, https://www.lemiroirinfo.ca, Mercredi 18 Novembre 2020

Nan ka sa, dezyèm vil la, ki gen lòt ti non gate, site kristofyèn. Sanble w bliye, menm vil sa, te pran yon distenksyon, kote yo rive klase kòm patrimwàn nasyonal peyi a, ebyen Konnen yon moman chòk apre zak destriksyon sa.

Bagay sa fè anpil moun choke, estomake pou jan jenn bway la, san fwa ni lwa rive vandalize, profane Estati potorik tonton gason sa, ki se yonn nan pi gwo estratèj nan listwa modèn nan. Ou pat konnen, ebyen map raple w non nèg sa, se Jan Jak Desalin.

Yon wont total pou Ayiti

Wi sa se yon wont, nou gen rezon boude, choke pou yon tèl zak. Papa nanchon an pa merite sa.

Kanmenm nou oblije di non, sa pa bon. Men tande ann fè yon tichwichi nan zòrèy, san n’ pa pale fò. Bon ak ki metal, estati sa te fèt, pou yon sèl nonm rive lage l’ atè, kraze l’ fasilman konsa ?

A nou kenbe w nan depwent zòrèy,  mouche Leta. Konmsi pou menm yon bon estati nou pa kAl bay anpwè a ?  A tout bon, sanble n’ soufri de maladi sa ki rele engra.

Ebyen, zanmi m’ ou wè, Ou konprann, ou tande. Se pa jounen jodi a y’ap fè tijwet kòken ak Jan Jak Desalin. O non ! Sa pa bon.

Tande li enpòtan poun komanse poze tèt nou Kesyon. Sou fason nou trete, konsidere Desalin nan peyi isit. Jodi a fòk ipokrizi sa kaba.

Se pa jodi a Desalin ap pran pataswèl nan men moun isit

M konprann ke anpil moun ka choke pou Sak rive a. Wi li merite kondane kit, se ta yon moun tèt pa dwat, ou yon moun ki byen nan tèt. Ki ta rive fè bagay sa.

A vrèman ala kote gen moun ipokrit. Pou dat y’ap pale mal Desalin. Yo rakonte tout kalte koze sou do l’. Sa pa janm leve plim sou do anpil moun.

Desalin rive pran yon lòt kou

Ankò 5 novanm 2020 an, yo kontinye ap pase Anperè a nan betiz

Ey tande, Kisa n’ panse de sa.

Poukisa apre zak sa ki pase yè a, nou pa tou pwofite fè deba sou fason nou aji. Espesyalman lè 17 oktòb rive, dat sa ki raple n’ lè yon gwoup eskanmòtè, te voye Desalin ale nan peyi san chapo avan lè l’. Kote se lè sa sektè opozisyon, san Konsepsyon de yon chanjman reyèl, ap mobilize tout asnal nwizans yo, pou moun pou al boule Kawoutchou. Menm Jan tou bò kote pouvwa, yo jis kontante, jou sa al depoze yon boukè flè nan pon wouj, oubyen yo al nan mipana. Apre sa tout bagay fini.

 Sa fè m panse ak yon bèl ekspresyon bredjenn yo: Ti blada pa nan bese triye. Tankou jan moun Okap mwen yo konn di Kilè koukou te byen ak frize konsa pou l’ rele pitit li frizelya.

Eske yon tèl konpòtman konsa, se pa yon zak destriksyon nanm anperè a ?

Mezanmi Elit entelektyèl la, li lè pou w koumanse chanje de move konsepsyon de Desalin. Fok nou soti nan silans nou pou n pote yon refleksyon sou sa.

Pito m’ ri… a a a a .

Bon jan Inivèsite leta ye a, ou panse l’tap fasil jodi pou jwenn seri entèlèktyèl ki gen kouray pou leve papa nansyon an wo.

Banm kite sa tande. A Monchè sanble w bliye tout sa Bayina Belo ap fè pozitivman. Kote l’ap resisite panse Desalin.

Ayibobo pou ou Bayina. Oke se menm ras Marie Sainte Dédé Basile. Bravo.

17 oktob ta dwe yon  moman pou deba tap fet nan tout radyo, pou y’ap diskite, troke lide. Pou n’ mande padon pou kalte zak sal sa nou te fè sou anpwè a. 17 oktob ta dwe sipoze yon moman pou tout  pou n Panse ak nouvel inisyativ. Sa w pa ta panse a, se moman sa anpil nonm ak fanm ap chofe, lase bòt yo, fè lòbi lòbèy Kote lanse refleksyon pou konnen Konbyen kawoutchou ki pwal boule, Konbyen wout yo pwal bloke, Konbyen machin, vit kay yo pwal kraze ak kout biswit leta.

Eskize m pa di m se yon pèmèt ki mele ak yon kevouzèt

Kisa n’ panse, lè tout jounen yon seri pwofesè istwa ap di Desalin te mal pwan endepandans lan. Yo fè l’ pase pou yon kriminèl. Yo menm fè konnen l’ te mechan. Tout jenn timoun depi lèt koumanse soti nan nen yo, se yon sel diskou negatif y’ap tande sou Desalin

Eske sa se pa yon zak dechoukay, malonèt, sangwen, san wont san santiman?

Gade fè lè w,  ou pa janm choke, pou w kite, y’ap pase anba pye moun ki te sakrifye vi l’ pou nou ?

M’ fout ri, ti bèf di l’ap sal savann epi se dèyè l’, l’ap sal. A la pèp fout engra.

Gade ann kase tet tounen nan listwa. Ou pa wè Apre lanmò Desalin, yo te anpeche moun pa pale de kalte potorik nonm sa.

Konm si tankou m pa te tande, ke Elit entelektyèl la reyaji twop sou sa. Pou te di ke sa pa dwe fet.

Adje woooooo, mmm ! .

A ! Ann pase nan lòt kichòy, twop lapriyè kwochi jounou. Tande Ann kite vèy pwan priyè.

Mepri total de Patrimwàn nou yo

Jodi a, li ta vrèman enpòtan pou n koumanse rebat lide, ak refleksyon nou yo,  sou fason nou trete ewo nou yo, patrimwàn nou yo.

Bon kite m’ ri. Sanble nou menm ayisyen, nou pwan metriz, doktora nan detri patrimwàn nou yo.

Eske Ministè touris, kilti gen yon politik kilirèl tout bon vre pou peyi a ?

Sanble w bliye, ke nan lannwit 8 pou rive 9 oktòb pase a, yo vandalize legliz katolik Limonad la.

13 avril 2020, se tou pa legliz katolik Milo a, kote yo pase l’ anba fanm dife. Epi nan menm semèn nan, endividi yo al eseye kraze yon pòt nan Sitadèl wi.

Konmsi ou kwè se vre, wi se vre.  Sitadèl m’ di w menm, ki klase Kòm patrimwàn mondyal de limanite wi, anmwe sekou tande koze.

Machin kap detwi patrimwàn nou yo pa kanpe, Samdi 6 pou leve 7 out, endividi ki pa idantifye vandalize legliz Nòtredam vil Okap la.

Mwa me a menm, se sa bliye yo pa fè, nan moniman vètyè yo, Kote ewo lendepandans yo plase.

Yo pote san grate tèt ale, 2 nepe, ak bwid cheval François Capois, ki gen yon ti non Capois la mort.

Bon pito m’ pe, tande. Sou pa kwè m’ toujou, fè yon pase nan sit Pikole a pou wè sa m’ di w la.

Yon lòt limyè sou listwa

Kisa w wè nan sa ?  Si tout istoryen ta chita, pou yo repanse listwa dwategòch yo rakonte sou papa nanchon an. Eske nou wè l’ pa tap pi bon, pi lojik pou n’ di apre zak sa sou Desalin, sera seta.

Fok nou refè yon lòt bagay, nou dwe chanje estrateji. Pou lè chak 17 oktob rive, ak tout lòt dat enpòtan yo, pou nou sispann lanse vye mouvman deblozay, manifestasyon. Pou detounen lide moun, jenn famm ak jenn gason sou dat sa yo.

Ou pa tap wè l’ pi nòmal, bèl, lojik , klasik Pou jou sa tounen yon moman de sansibilizasyon, deba, analiz pou n mande padon pou zak sa n te komet sou anperè a.

Wi jodi a nou bezwen, yon fanm ki gen fanm nan fanm li, menm Jan ak Marisent  Dédé Bazile alias ke yo bay yon vye non defile la Folle pou vin kanpe eskanp anperè a.

Nou bezwen, yon Defile lafolle pou vin mete fen nan fòm pawol mal kap pale sou papa Desalin.

Nou bezwen, yon defile lafolle pou vin kanpe douvan tout istwa malonèt ke yo rakonte sou li.

Nou bezwen yon Defile Lafolle pou ki vin bay yon lòt oryantasyon ak jenes la, sou zafè listwa Desalin nan.

Wi nou bezwen ,yon lòt Defile, pou vin ranmase lòt faz nan listwa Desalin nan, pou l’ mete devan tout moun.

kisa w panse de sa Bayina Belo ?

Male tande, na kwaze ankò.

Mackenz Dorvilus, mimosed9@gmail.com