ZAP fè 10 rekomandasyon a konsey prezidansyel tranzisyon an pou mete peyi a kanpe. Pami yo li mande rezoud kriz sekirite a, mete kanpe bon jan konsey electoral ak kreye kek program apèzman sosyal pou ede fanmi ki pi pov e fasilite aktivite ekonomik yo reprann nan peyi a.

Cap-Haïtien, https://www.lemiroirinfo.ca, Mardi 07 Mai 2024

Depi pliske 3 lane, n’ap tatonnen ak yon enstabilite Politik  ak yon ensekirite malouk k’ap fini ak degwenn Peyi a.  mete sou sa lamizè ak grangou, chomaj, lavi chè, katastròf natirèl, dezèspwa sou tout chimen limyè nou ; deplasman fòse, pou n’ site sa yo selman. Pati Zanset Ayisyen, Aparè yon bon bout tan nan obsèvasyon estime kriz la trò dire, menm lè nou menm nan filozofi pati a se pa sa nou te swete pou peyi a. Pati Zanset Ayisyen salye enstalasyon Konsèy Prezidansyèl La  viktim ak Katastròf Natirèl ki pase Nan Nò peyi A kote Plis pase 10 moun pedi lavi yo. Pati Zanset Ayisyen di « ZAP » mande Konsèy Prezidansyèl la :

1-Rezoud problèm ensekirite peneralize a prese prese paske pèp la pa papab ankò;

2- Monte yon gouvènman san dilatwa, san machanday, sa vle di san pèditan pou vin adrese ak yon seri de gwo problèm k’ap ronje popilasyon An;

3- Nan 100 Premye jou yo, trouve yon fòmil pou vini an Èd ak Popilasyon an pouke bon jan apèzman sosyal kapab vin jwenn popilasyon an;

4- Pati Zanset Ayisyen Mande Pou peyi a kapab retounen sou ray demokratik li : Pou sa n’ap mande Konsèy Prezidansyèl la, san pèditan : mete kanpe yon Konsey Elektoral, yon fason pou bon jan eleksyon kapab oganize san fòs kote paske nou nan « Pati Zanset Ayisyen » se nan eleksyon nou kwè kòm demokrat et se nan eleksyon nou prale;

 5- Pati Zanset Ayisyen mande pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an mete kanpe tout enstitisyon etatik yo ke manman Lwa peyi a prevwa Yo ;

 6- Pati Zanset Ayisyen mande pou li ka jwe yon wòl enpòtan nan gouvènman k’ap monte a pou li ka kontribye nan chanjman peyi a ;

7- Pati Zanset Ayisyen mande pou gen yon Konferans Nasyonal Souveren Pou’n detèmine Ki kote nou ye ak ki kote nou prale ;

8- Pati Zanset Ayisyen mande fòk gen yon Komisyon De Verite Ki Kanpe Pou Fè Bonjan Limyè sou tout zak Kòripsyon Ki fini ak degwenn Peyi a ; Tankou « Fon Nasyonal Edikasyon « FNE), ONA, Petrokaribe, CIRH elatriye ;

9- Pati Zanset Ayisyen mande pou entènasyonal La Patikilyèman Étazini  Kapab dedomaje Ayiti Pou kantite zam ak katouch ki rantre pa bann epi pa Pakèt, pa kontrebann Ki mete nou nan yon nivo kote nou pa moun ankò.

10- Pati Zanset Ayisyen mande pouke gen Yon Prosè Ki komanse fas Étazini pou kantite mechanste Dwa moun yo fè  sou Pèp Ayisyen An.

Jistis Jistis Jistis, Pou Ayiti AYIBOBO